Tuesday, June 6, 2023
Home HAITI Politique Pozisyon senatè Patrice DUMONT sou jounen manifestasyon Madi 12 sektanm

Pozisyon senatè Patrice DUMONT sou jounen manifestasyon Madi 12 sektanm

Madi 12 sektanm 2017 sa a, pèp k ap soufri depi lontan an, yon lòt fwa ankò, pran lari Pòtoprens. Kòz tout moun wè a se bidjè ki favorize yon ti gwoup moun, men ki toupizi yon pakèt lòt. Sitiyasyon sa a, bidjè a montre l jodia. Men tout moun ki zanmi laverite konnen pwoblèm enjistis sosyal ap ravaje peyi a depi lontan. Youn nan premye kote pou sa chanje, se pou moun ki nan pouvwa leta yo sispann fè kòripsyon. Epi sa ki la pou bay jistis, se pou yo arete koriptè ak kòwonpi yo.
Men tou, m ap raple tout moun se pa premye fwa kraze brize ap fèt nan peyi Dayiti. Lè yon moun ap reponn mal yo fè l, li dechire chemiz oubyen pantalon moun ki fè l mal la, oubyen kout wòch, tire bal, kraze machin ak boule kay, malgre sa, sa pa ranje zafè pèp la. Pou prèv, nou la a toujou.

Mwen mande gouvènman an pou l antre an kontak prese prese ak opozisyon nan sena a ak nan chanm depite a, plis  pati politik ki te patisipe nan dènye eleksyon yo, plis tout lòt gwoup ayisyen ke yo menm nan gouvènman an konnen ki kont jan y ap dirije peyi a.

Bidjè a, m ap redi l ankò, se pwoblèm ki parèt la. E pwoblèm sa a ki parèt la, fò k teknisyen zafè bidjè, zafè lalwa, nan kolaborasyon ak moun k ap dirije peyi a, reflechi pou wè ki meyè desizyon yo dwe pran pou kalme pèp k ap revandike a.

Pou m fini, mwen menm ak tout dirijan Rasanbleman Patriyòt Ayisyen yo (RPH) ap raple tout moun, peyi a merite chanjman, peyi a vle chanjman ; chanjman sa a, se vre li pa ka fèt nan kraze brize, men l pa ka fèt non plis nan peze souse tradisyonèl la.

Ni peze souse, ni enkonpetans, ni dezòd ki fè nou kwè, nou menm nan RPH, se sa ki lakòz Leta pa menm kapab jwenn yon 2 milya goud nan enstitisyon otonòm ki gendwa antre lajan nan bay sèvis.

Pèp la se plamen, li pa ka pa jwenn nan savon k ap savonnen kò a.

Patrice DUMONT

           Senatè Repiblik la

- Advertisment -

LES PLUS RECENTES

At BIO International Convention, Governor Healey Pledges to “Lengthen Massachusetts’ Lead” in Life Sciences with New Workforce Initiatives

Announces MassTalent hub to connect employers and skilled workers in high-growth industries and Pathmaker program to fund training in life sciences BOSTON – At the...

Apple dévoile son casque de réalité mixte Vision Pro

Cupertino (Californie, Etat-Unis)- Par Alain McKenna (LE DEVOIR) - C’est officiel. Apple a profité de sa conférence annuelle WWDC adressée aux créateurs d’applications pour...

MAYOR WU AND LIFE SCIENCE LEADERS LAUNCH WORKFORCE INITIATIVE FOR BOSTON RESIDENTS

At BIO International Convention, world’s largest gathering of the biotech industry, Mayor Wu unveils community awareness campaign and unprecedented grant funding for industry-aligned life...

Volleyball/Jeux Panaméricains: Haïti et la République dominicaine pour débuter les éliminatoires des Jeux panaméricains

Port-au-Prince - Par Gérald Bordes - Du 5 au 11 juin 2023, la ville de La Havane sera le théâtre des éliminatoires des Jeux...

Une nouvelle préliste de 28 joueurs pour débuter le camp de préparation

Port-au-Prince - Par Gérald Bordes - Après avoir publié une préliste de 35 joueurs le 25 mai dernier, le sélectionneur Gabriel Calderon Pelligrino a...

Designation of Laurent Salvador Lamothe – Former Haitian Prime Minister and Minister of Planning and External Cooperation – for Involvement in Significant Corruption

Antony J. Blinken, Secretary of State Today, I am announcing the designation of Laurent Salvador Lamothe, former Haitian Prime Minister and Minister of Planning and...

MAYOR WU ANNOUNCES RENATO CASTELO AS INAUGURAL DIRECTOR OF OFFICE OF PARTICIPATORY BUDGETING

Office of Participatory Budgeting created to ensure that City’s dollars are allocated according to needs, interests, and visions of Boston residents BOSTON - Friday, June...

Department of Public Health Advises Consumers of Potential Listeria Monocytogenes Contamination from Recalled Cricket Creek Farm Cheeses

BOSTON (June 1, 2023) - The Massachusetts Department of Public Health (DPH) is advising consumers that Cricket Creek Farm in Williamstown, MA is recalling...