Friday, April 26, 2024
HomeMASSACHUSETTSBostonGWOUP Refleksyon sou Lang ak Kilti Ayisyen

GWOUP Refleksyon sou Lang ak Kilti Ayisyen

OBJEKTIF: ENFÒME, FÒME, ENFLIYANSE, TRANSFÒME, APRESYE, EPI
DIVETI
Apre selebrasyon Mwa Lang ak Kilti Ayisyen 2020 an, se avèk anpil plezi nou ap rapousuiv travay la ansanm. Pou kounye a, yon pati pami asosyasyon yo: AKA (Akademi Kreyòl Ayisyen), Sosyete Koukouy, HLCC (Haitian Language & Culture Center), Chiktay Literè, ansanm ak JEBCA Editions (*) ap prezante yon seri konferans ak yon konferansye espesyal sou entènèt la pou pèmèt patisipan poze kesyon. Entansyon an se sèvi avèk kalite platfòm ZOOM pandan tout ane k ap vini an sòti desanm 2020 pou rive septanm 2021.

Premye konferans lan se samdi 19 desanm a 6zè nan aswè.
Konferansye : Pauris Jean Baptiste – Ansyen Prezidan Akademi Kreyòl Ayisyen
Tèm : TRAVAY GWOUP RELIJYON YO NAN KREYOLIZAY
REYINON ZOOM: https://us02web.zoom.us/j/86834425534 osnon

MEETING ID: 86834425534

- Advertisment -

LES PLUS RECENTES