Friday, April 19, 2024
Home HAITI Culture Pawòl ayisyen kont pawòl kreyòl (2zyèm pati)

Pawòl ayisyen kont pawòl kreyòl (2zyèm pati)

Jouman pwofesè DeGraff yo
Jouman pou Nouvelis ak redaktè anchèf li Frantz Duval

Konstitisyon peyi a pale de « lang kreyòl » nan 3 atik : 5, 24.3, 213. Pa gen youn nan yo ki egzije pou jounal Ayiti se an « kreyòl » pou l ekri ni fòk li ekri nan 2 lang ofisyèl yo. Kòman pou yon moun, kèlkeswa pozisyon kritik ou, pran dwa joure  frankofòl, kidonk, moun ki gen foli lang fransè, yon jounal k ap pibliye an fransè depi 1898 ? Èske fò yon Ayisyen joure Desalin frankofòl tou paske Konstitisyon 1805 lan te ekri an fransè ?

Nan menm mouvman an li pa bliye melanje redaktè an chèf la ak jounal la k ap devalorize lang nasyonal la paske se pa an ayisyen yo pibliye. Si se pa difamasyon, menmjan ak  kolon lokal la, li sanble sa anpil. Nan ka pa m nan, mwen ta renmen devalorize « non kreyòl » la vre wi, men sa twò piti : se retire mwen mande pèp ayisyen an retire non an menm, pou mete « ayisyen » nan plas li. Anfèt, se sèl pawòl nan atik mwen an pwofesè DeGraff pa vire lanvè, pa deplase nan kontèks li, lè l ekri nan ensipit atik pa l la : Misyon li (mwenmenm Patris Dimon) nan dosye sa a se pou n ta chanje non lang kreyòl la – pou n ta rele l « ayisyen » paske, selon senatè a, « Se yon gwo renome lè yon pèp gen lang ki pote non l ». Li redui agimantè m lan a egzanp « gwo renome » a, alòske mwen bay 4 agiman ki fè entètit atik mwen an. Se yon bèl devwa lè yon konpatriyòt ap defann lang matènèl li. Malerezman pou pwofesè DeGraff, li pa ka rete nan rasyonèl la; li floup, li lage kò l nan yon jeneralizasyon-amalgam, dekore ak sofis, analoji miwo-miba. N ap wè sa pi lwen.

Jouman pou tout timoun ki ret kay matant, kay marenn ; jouman pou moun k ap pwodui refleksyon

Ala traka pou analiz lengwistik kolonyal sa yo ki pran nan pyèj restavèk ki panse lang kreyòl la pata fouti gen kreyativite pou l fè Vètyè pa li. Pwofesè a pa jwenn lòt jan pou l kalifye atik mwen an.

Kisa analiz kolonyal vle di? Pwofesè a mete m fas a yon ekriti charabya, malfezan. Se klou l kenbe pou l digèt mwen. Mwen bije poze 3 kesyon sou sa:

  • Èske jan m prezante agiman « se « ayisyen » nou dwe rele lang Ayisyen yo pale a » se konsa yo te analize pwoblèm sosyal nan koloni yo?
  • Èske se yon analiz anfavè kolonizasyon mwen fè ?
  • Èske pozisyon pou lang nou an pote non pèp ayisyen an ka pase pou yon prèv alyenasyon nan sans sikyat Frantz Fanon defini « alyene kòm yon moun ki adopte kilti ewopeyen pou li bliye ki ras moun li ye ».

Repons pwofesè DeGraff sou 3 kesyon sa yo ap itil anpil.

Nou wè! Jouman analiz kolonyal la pa ase; analiz mwen an pran nan pyèj restavèk tou, selon otè a. Lè yon moun ki sanse kiltive tankou pwofesè DeGraff joure yon lòt restavèk, oubyen kalifye zèv lòt la konsa, se yon prèv li pa gen charite ni respè pou timoun sa yo ak tout fanmi yo ki nan sitiyasyon degradan sa a. Pou pi piti, youn nan egzijans etik yon travayè entèlektyèl dwe fè tèt li chita nan veye bouch li lè l ap pale anjeneral, sitou lè l ap fè referans a gwoup moun ki nan sitiyasyon sosyal degradan, moun ki andikape, moun k ap fè travay ki penib anpil… Mwen pa kwè pwofesè DeGraff pa ta okouran zouti teyorik DEPANDANS lan li te ka itilize pou l kalifye yon analiz li jije ki anfavè ansyen kolonizatè yo. Toutjan, li t ap toujou klè refleksyon pa m nan sòti nan nasyonalis eklere a. Nan mande goumen tout vis mò rèd depi opa, pwofesè DeGraff pa menm ka wè, y ap kenbe l “in the act” (of antinomy), menmsi se yon iwoni gou rans li ta vle fè, lè l di li apresye lespri nasyonalis senatè Patris Dimon, epi pi lwen nan tèks li a li kalifye analiz mwen an “kolonyal”, “res…”! Mwen se yon nasyonalis. M ap pale de nasyonalis ki defann valè ak enterè peyi l san rayisans pou etranje. An n tou di nou bezwen yon gwo pwogrè ekonomik dirab ak yon volontaris sosyal san pran souf pou maling « ti Sentaniz » la disparèt nan peyi a.

Jouman « kolon lokal »

Kanta pou 3zyèm jouman sa a, lè pwofesè DeGraff antre nan konsyans tèt li (fò l fè entwospeksyon l), l ap wè nan ki degre li fè pati de gwoup moun sa yo. Men, pou pi asire, se yon moun avize k ap ka di l : li lage kò l nan yon defans retire chay pa l sou do pa l, pou l mete l sou do lòt moun (pwojeksyon). Jounen jodi a, kolon blan yo ak kolon lokal yo se franse pale, franse konprann y ap defann…, se konsa mwenmenm Patris Dimon, li mete m nan lo kolon lokal. Si lespri l konsevwa kolon lokal la kòm moun ki pale fransè, ekri fransè, ki vle konsève fransè, epi aji pou nenpòt ki Ayisyen ka pale lang sa a, pi bon desizyon pou pwofesè DeGraff ta rekòmande se pou n ta entèdi an Ayiti tout lang kolonyalis 16zyèm syèk la pote an Amerik : anglè, panyòl, olandè, pòtigè. Poutan, bò kote pa m, anplis de ayisyen ak fransè pou Ayisyen ki pase lekòl pandan 12 lane dwe metrize alekri tankou aloral, fò yo ta jwenn ansèyman entansif anglè ak panyòl, sa k ap anrichi yo entèlektyèlman, epi pèmèt yo ouvri plis pòt nan monn lan.

« Kolon lokal » la, pou mwen, se moun ki gen pratik sosyal ki sanble ak sa ki te mak fabrik koloni yo, ki konsidere koulè po nan relasyon sosyal, politik, ekonomik, ki aji kont moun pòv pou revni sila yo pa pèmèt yo fè plis ke manje ak pran kamyonèt. Epi, se moun, menmjan ak kolon anvan Tousen Louvèti yo, ki pa dakò gen entèlokitè anfas yo ; se pwòp tèt yo ki oditè yo. Fas a yon entèlokitè, yo enève, yo akaryat, yo vyolan ak bouch yo, menmjan ak plim yo.

Fen 2zyèm pati a

Patris Dimon

 

 

Home

 

- Advertisment -

LES PLUS RECENTES

Installation du CP: une commission de 9 membres instituée pour la passation de pouvoir

Port-au-Prince - Par YPM - Dans la perspective de l’installation de la Commission Présidentielle de Transition, une commission de coordination a été créée dans...

MAYOR WU ANNOUNCES BRIAN SWETT AS CITY OF BOSTON’S FIRST CHIEF CLIMATE OFFICER

He will lead the existing Environment, Energy and Open Space Cabinet as Chief Climate Officer   BOSTON - Wednesday, April 17, 2024 - Today, Mayor Michelle...

Un cadavre kidnappé à Port-au-Prince

Port-au-Prince - Par YPM - Ce cas pour le moins incongru a eu lieu ce mercredi 17 avril 2024, où un véhicule, servant de...

Publication de l’arrêté nommant les membres du Conseil Présidentiel de Transition. Port-au-Prince – Par YPM – Après des jours de tergiversations, le Gouvernement démissionnaire...

Port-au-Prince - Par YPM - Après des jours de tergiversations, le Gouvernement démissionnaire dirigé par Ariel Henry a finalement publié ce mardi soir, l'arrêté...

Football:Championnat de Futsal de la Concacaf Haïti n’ira pas en Ouzbékistan

Port-au-Prince - Par Gérald Bordes - L'équipe nationale haïtienne entraînée par le sélectionneur américain d'origine grecque Constantine Konstin a mordu la poussière sur le...

Bavure administrative au sein du Gouvernement démissionnaire. L’arrêté nommant les membres du CP en circulation

Port-au-Prince - Par YPM - La mise en circulation ce lundi 15 avril 2024, d'un décret portant nomimation des membres du Conseil Présidentiel a...

Football : Championnat National Spécial 2024: L’ASC remporte le derby capois alors que le derby saint-marquois ne produit pas de vainqueur

Port-au-Prince - Par Gérald Bordes - Seuls deux derbys ont été disputés sur les trois prévus. Le derby cayen entre la Juventus des Cayes...

Sisay Lemma et Hellen Obiri vainqueurs du marathon de Boston

Boston —L'Ethiopien Sisay Lemma a remporté lundi le marathon de Boston en 2h06'17''. Victoire chez les femmes de la Kenyane Hellen Obiri, déjà sacrée...