Saturday, April 27, 2024
HomeHAITIPolitiqueTansyon Vil la, 14 Novanm 2012

Tansyon Vil la, 14 Novanm 2012

Sant Vil la.
Ri Oswald Durant, Blòk fakilte Dwa ak syans ekonomik, sikilasyon nòmal. Sitwayen  nan zòn nan netwaye wout la. Rès fe ak sann kawotchou yo, toujou nan lari a blòk  Rex Théâtre, fakilte Dwa ak fakilte Etnoloji.

Sant Vil la.
Ri Oswald Durant, Blòk fakilte Dwa ak syans ekonomik, sikilasyon nòmal. Sitwayen  nan zòn nan netwaye wout la. Rès fe ak sann kawotchou yo, toujou nan lari a blòk  Rex Théâtre, fakilte Dwa ak fakilte Etnoloji.
Wout la debloke, pa gen kakas machin men gwo roch yo sou trotwa a.

Nan kafou ri St Honoré-ri Capois ak devan Stad la, poubèl yo plen ra bouch,   Fatra nan tout lari a ak trotwa a.

Sou plas St Anne, sinistre yo poko janm deloje, yo toujou nan kan ebejman.

Lapolis prezan nan lari a men pa gen patwouy fiks devan fakilte yo.Grou trou ki tou pre pon durant poko janm kouvri.

 

Wout Nasyonal #1

Sikilasyon an nòmal soti stasyon Bon Repo pou rive kafou marin. Kafou Marin pou  Kwademisyon, blokis.

Gen ti ralanti avan kafou kazo.

Pernier, sans Fils et ba Dèlma, kafou Ayewopò, wout nòmal. Kafou fleuriot, blokis.

Wout Kenskòf – PV:

soti kenskoff pou rive peleren 7, sikilasyon an kle kou dlo kok, apre sa se blokis jis rive plas Sen Pye Petyon vil. Zon ki gen plis moun kap pase mize pou jwenn machin se: kafou st jacques anfas machann griyo yo… Tomasen 48, Tomasen  32, Tomasen 25 devan komisarya a, Peleren 11, Peleren 5 ak Peleren 2.

Pou Petyon vil:  Nan rue Jefra, soti bo giant maket pou rive nan mache a, ri vilat soti bo valeryo kanez pase bò Epi dor jis rive devan radyo Scoop, ri Dagen  jis rive devan mezon Handal plas bwaye, blok ste therese, simitye pv, tet ri

panamericaine ak lot ri nou di yo… si yon moun prese pran moto oubye ale a pye  wap rive pi vit ke siw nan machin. Blokis la rèd !

A noter. La situation peut évoluer à n’importe quel moment. N’oubliez pas que  vous êtes la premiere personne responsable de votre sécurité. Restez vigilants  et prudents !

- Advertisment -

LES PLUS RECENTES