Saturday, December 7, 2024
[slide-anything id="12530"]
HomeGeneralPOZISYON AK KLARIFIKASYON KONSÈNAN JAN PREZIDAN FRANSÈ A EMMANUEL MACRON TE REPONN...

POZISYON AK KLARIFIKASYON KONSÈNAN JAN PREZIDAN FRANSÈ A EMMANUEL MACRON TE REPONN KESYON PWOFESÈ MARKY JEAN-PIERRE TE POZE LI YO.

NÒT POU LAPRÈS- Nan dat 19 novanm 2024 ki sot pase a, pandan Doktè Marky Jean-Pierre ki se Pwofesè nan Inivèsite Leta Bahamas (University of The Bahamas) te nan vil Rio de Janeiro pou yon konferans ki rele “Somè Limanite” (Humanity Summit), li te ale vizite zòn Bè Valongo ki se yon sit ki raple soufrans yon pil kretyen vivan ki te soti nan kontinan Lafrik.

Se menm moman sa a tou Prezidan fransè a, Mesye Emannuel Macron, t ap vizite lye istorik sa a tou. Pou dividal sitiyasyon gravman grav popilasyon Ayiti a ap sibi anba tout moman tèrib kote edikasyon jenès la prèske disparèt, Pwofesè Marky Jean-Pierre, te pwofite adrese l avèk Prezidan an, sitou lè nou sonje pase istorik ki genyen ant Ayiti ak Lafrans.

Prezidan an te rive reponn entèwogasyon Doktè Marky Jean-Pierre yo plizoumwen. Nou konnen efè kolosal entèvansyon prezidan an fè nan laprès, ni an Ayiti ni nan monn entènasyonal la. Malerezman, puiske kesyon Pwofesè Marky Jean-Pierre te poze Prezidan an pa jwenn pyès atansyon nan laprès, piblik la pa vrèman jwenn resous ki kapab akonpaye pwofondè refleksyon konsènan kontni rankont Doktè Marky Jean-Pierre a avèk Prezidan fransè a sou sit kote yo te antere Afriken ki te mouri nan bato nan peryòd esklavaj la.

Fò nou presize moun ki te poze prezidan fransè a kesyon yo se pa sèlman yon pwofesè inivèsite, se yon chèchè ki angaje l nan rechèch sou edikasyon an Ayiti epi yon ajan devlòpman ki ap fè travay benevòl nan ògazinasyon RIVE-Fondasyon Onè pou Ayiti – e li se se fondatè epi prezidan òganizasyon an.

Tankou non òganizasyon an endike sa, se yon òganizasyon ki konnen sikatris istwa kolonyal sou peyi a epi sou zòn kote òganizasyon an ap opere a kote Sendomeng ap voye dividal Ayisyen tounen. Kesyon Doktè Marky Jean-Pierre poze yo pran an konsiderasyon plizyè faktè, ladan yo: 1) nivo edikasyon peyi a ki vrèman ba ki pa garanti jèn yo okenn avni 2) jenn fi ak jenn gason nan zòn riral ki pa jwenn lekòl pou y ale 3) paran ki blije voye pitit yo lekòl lavil oswa pou timoun yo al chèche mwayen pou yo debat ak lavi a 4) anpil nan jèn sa yo ki vin tounen kandida pou vyolans, gang ak pwostitisyon. Jan UNICEF rapòte li a, yon bon valè nan moun ki ame ak gwo zam nan men se timoun yo ye.

Òganizasyon RIVE (www.rive.one) ap travay pou li soutni sistèm edikasyon an Ayiti nan kreye kanpis eskolè nan zòn riral yo. Travay pratik la derape depi kat (4) ane nan zòn riral awondisman Laskawobas nan Depatman Sant kote nou kòmanse etabli yon premye lekòl ki kounye a anwole 250 elèv ki ap resevwa edikasyon totalman gratis.

Kesyon Doktè Marky Jean-Pierre poze Prezidan an Macron yo fè pati refleksyon epi travay òganizasyon Rive ap fè sou tèren an an Ayiti, konesans òganizasyon an devlope sou sitiyasyon difisil peyi a epi wòl kominote entènasyonal la nan mizè ayisyen ap travèse.

Kesyon fondamantal la konsène sitou avni timoun ayisyen yo epi sityasyon malouk kote rafal bal ak zam ap ranplase liv lekòl nan men timoun yo an Ayiti. Se te yon seri kesyon pou Mesye Emmanuel Macron ki se Prezidan fransè a, men tou, antanke youn nan reprezantan enpòtan kominote entènasyonal la.

Nòt n ap pibliye bay laprès la a se yon nòt kote òganizasyon Rive-Fondasyon Onè pou Ayitiitilize vwa Pwofesè Marky Jean-Pierre pou yo poze plizyè Kominote Entènasyonal la plizyè kesyon yo genyen, tankou:

1) Pou ki sa Kominote Entènasyonal la rete prèske bèbè devan tout soufrans pèp ayisyen an?
2) Pou ki sa menm kominote entènasyonal sa a ap kale je l gade prèske bra kwaze devan destriksyon nasyon ayisyen an?
3) Pou ki sa yo bouche zorèy yo devan plent ak kout rèl timoun ayisyen k ap pran bal, elèv lekòl k ap mouri, rèl ak anmwe plizyè milye moun k ap kouri kite kay yo, mizè fanm sa a ki kenbe men pitit li avèk yon pakèt sou tèt li avèk kèk ti kichòy li pran ankouran – fanm sa a ki ap chèche yon kwen pou l dòmi ak pitit li tandike lapli pral tonbe?
4) Pou ki sa kominote entènasyonal la ap founi je gade prèske bra kwaze devan disparisyon jenès ayisyen an?
5) Finalman, jan anpil ayisyen kwè sa, èske se disparèt kominote entènasyonal la vle pou nasyon ayisyen an disparèt, e osizoka se ta sa a, Pou ki sa? Ki avantaj y ap jwenn nan sa? ki enterè kominote entènasyonal la ta genyen nan sa?

Nou tande koze nan lari a ki fè kwè vyolans zam an Ayiti ta genyen dèyè li kèk manm nan kèk sèktè nan milye entènasyonal la ki ta vle fè menmiz sou kèk espas nan peyi a pou yon swadizan devlòpman ekonomik? Men, ki kalite devlòpman ekonomik ki ta ka vo lavi yon dividal inosan, yon jenès an dezawa, yon latriye fanmi ak dlo nan je epi ki decapitalize, disparisyon yon kantite jenn gason ak jenn fanm, yon pil paran an dezespwa, an gwo, yon peyi antye ki anba tout kalte soufrans ak toumant?

Ki eksplikasyon n ap kapab bay jenerasyon k ap vini yo vrèman lè yo ta aprann devlòpman ekonomik sa a ta baze sou san timoun ki tonbe anba bal, sou fanm yo ta vyole, sou fanmi ki an detrès, kidonk sou mizè ak tout kalte soufrans yon popilasyon antye?

Kidonk, kesyon Doktè Marky Jean-Pierre te poze prezidan fransè, Emmanuel Macron an, se yon kout rèl nan zorèy tout dirijan monn lan. Se yon kout rèl pou limanite. Se vre, se vwa Pwofesè Jean-Pierre ki te adrese l avèk Prezidan Macron dirèkteman, men se vwa tout timoun ayisyen k ap soufri yo, Vwa fanm k ap sibi kadejak yo, vwa fanmi tèt yo prèt pou pati yo – se vwa sa yo ki pase nan vwa Pwofesè Marky Jean-Pierre a.

Kesyon sa yo se pou tout nasyon Lafrans lan nètalkole, puiske se yon peyi ki pataje yon pase istorik avèk Ayiti e yon peyi ki pataje kèk trè lengistik ak kèk trè kiltirèl avèk Ayiti. Se yon peyi tou ki te fòse Ayiti peye yon gwo sòm lajan anba gwo menas pou li te rekonèt endepandans Ayiti malgre san ki te koule pou endepandans sa a. Se avèk peyi Lafrans sa a Pwofesè Jean-Pierre t ap pale a, pandan li fè vwa l tounen yon eko pou vwa popilasyon ayisyen k ap soufri, ki ap reklame dwa pou li egziste e dwa pou li viv ak diyite li kòm moun.

Poze Doktè Jean-Pierre poze Prezidan fransè a kesyon sa yo, se avèk tout kominote entènasyonal la li adrese l, kit se Lachin, kit se Larisi, kit se Etazini, Kit se Angletè (Rwayòm Ini), kit se Kanada.

Pandan òganizasyon RIVE ap travay sou teren an an Ayiti pou li ede edike timoun nan zòn riral yo epi pou li chèche bous etid pou jèn yo, òganizasyon an mete vwa l ansanm avèk tout moun epi ansanm ak tout òganizasyon k ap egzije kominote entènasyonal la pou li pran responsablite l devan kriz pèp ayisyen an ap travèse a. Se yon kriz ki menase egzistans nasyon an menm puiske li manifeste l nan destriksyon sektè agrikilti a, grangou mabyal ki genyen nan peyi a, pwoblèm edikasyon, pwoblèm sante epi sitou move tretman kantite moun ap sibi nan blije yo blije ap kouri kite kay yo.

Men, avèk kesyon sa yo, òganizasyon Rive – Onè pou Ayiti, adrese l sitou avèk dirijan ak elit ayisyen yo pou yo pran konsyans dimansyon tout kalte kriz imanitè peyi a ap travèse, pou yo ka remanbre entèlijans yo epi ranfòse kapasite yo pou rezoud gwo pwoblèm nasyon an ap travèse yo, pou yo pwoteje sitwayen yo, epi mete lòd ak disiplin ki nesesè pou yo mennen peyi a nan chemen pwogrè ak develòpman.

Pou Komite ekzekitif òganizasyon Rive-Fondasyon Onè pou Ayiti :

Marky Jean-Pierre PhD, EdD                                    Laurephile Desrosiers, MD
President                                                                     Vice-Présidente

Mrs. Rebecca Zarch                                                   Julie Skogsbergh, PhD
Secretary                                                                    Treasurer

 

- Advertisment -[slide-anything id="12670"]

LES PLUS RECENTES