Tuesday, May 21, 2024
HomeHAITIPolitiqueSOFA ak Kay Fanm pap pran, pap bay!

SOFA ak Kay Fanm pap pran, pap bay!

Pozisyon SOFA ak Kay Fanm sou move kondisyon enstalasyon Palman an
SOFA ak Kay Fanm pap pran, pap bay!
Yon senkantyèm lejislati ilejitim e ki gen gason sèlman ladan li, pap pase!

Kit se 9 out, kit se 25 oktòb 2015, se te eleksyon gagòt. Kandida yo mal eli paske:

1.            Gen yon bann kandida ak kandidat ki viktim desizyon abitrè jij nan BCED ak BCEN yo, ki te mete yo deyò nan kous elektoral la. San konte eskandal akizasyon koripsyon sou do konseyèz ak konseye yo ansanm ak jij elektoral yo.

2.            KEP la pa t bay Pati politik yo manda kòmsadwa nan premye tou lejislatif yo. Nan dezyèm tou a, KEP la simaye manda adwat agòch, sa ki te louvri pòt pi plis pou magouy ak fwod.

3.            Gen yon ti ponyen kandida KEP la fè pase depi nan premye tou, malgre eleksyon 9 out yo te anile nan divès sikonskripsyon akòz briganday ak zak vyolans.

4.            KEP la pa t itilize menm metòd kalkil la pou tout kandida/kandidat yo. Gen yon seri ki benefisye yon mòd kalkil ki fè yo pase depi nan premye tou. Gen yon seri lòt KEP la voye nan dezyèm tou, alòske yo te nan menm sitiyasyon an.

5.            Komisyon verifikasyon ak evalyasyon endepandant, plizyè sektè nan sosyete sivil ak politik la te reklame a, pa janm monte. Prezidans la pa menm manke okipe rekòmandasyon Komisyon pa li a ki te mande pou genyen verifikasyon an pwofondè tout pwosè vèbal yo, rekonte bilten epi panche sou ka kandida ak kandidat ki viktim move desizyon BCED ak BCEN yo.

Anplis tout rezon sa yo, SOFA ak Kay Fanm pa ka asepte eleksyon ki mete fanm sou kote, kidonk 52% popilasyon an, nan pa respekte egzijans Konstitisyon an fè pou gen 30% fanm pou pi piti nan Palman an.

SOFA ak Kay Fanm rete kwè, pouvwa sa a ak KEP la pa kapab mennen okenn pwosesis elektoral ki onèt, k ap derefize enpinite, k ap favorize patisipasyon politik fanm, epi k ap pèmèt peyi a pran wout pwogrè. Batay kont eksklizyon fanm nan espas politik ak kont enpinite mande pou fikse responsablite divès aktè ak aktris nan maskarad elektoral la, dekwa pou lajistis ka sanksyone yo.

SOFA ak Kay Fanm rete kwè yon mouvman sosyal ki mobilize ak veyatif kapab kore demach pou tabli yon tranzisyon serye, kote limyè va fèt sou eleksyon yo epi dispozisyon va pran pou remete peyi a sou ray li. Yon gouvènman tranzisyon ta dwe genyen nan manda li pou:

•             Pran dispozisyon pou peyi a repran souvrente li;

•             Fè odit sou pwosesis elektoral la, pran dispozisyon pou lajistis pouswiv koupab fwod yo;

•             Òganize eleksyon pwòp ak resous peyi a, kote gen patispasyon tout bon ki chita sou prensip;

•             Mennen ankèt sou depans lajan ki fèt pandan 5 dènye lane sa yo;

•             Kreye yon dinamik, kote divès sektè sosyete a ap patisipe nan yon dyalòg k ap tabli sou divès kesyon k ap brase bil sosyete a, pou soti ak yon antant k ap pèmèt demare sou novo baz pou peyi a sa ka repran kap li, pou reponn ak aspirasyon popilasyon yo.

 

Lit fanm nan, se lit tout mas pèp la!

Pòtprens, 11 janvye 2016

Pou SOFA
Marie Frantz JOACHIM, Kòdonatris jeneral

Pou Kay Fanm
Yolette Andrée JEANTY, Kòdonatris

- Advertisment -

LES PLUS RECENTES