Saturday, July 27, 2024
HomeGeneralYON MAPOU TOMBE

YON MAPOU TOMBE

Randolph, Massachusetts – Antèman Marie Altagrace Alexis Pierre-Jerome te chante samdi 16 mas la nan legliz St-Marie nan Randolph (Massachusetts). Legliz la te plen ak Fanmi, Zanmi ki te soti tout kote pou yo te vinn rann yon omaj a defen an ki te mouri nan dat 2 Mas ki sot pase a. Marie Altagrace Alexis Pierre-Jerome mouri apre 100 tan 7 mwa li pase sou tè a.

Men ki jan Dr Lunine Pierre Jerome te pale de manman l Marie Altagrace Alexis Pierre-Jerome nan okazyon antèman an samdi ki sot pase a .

REPOTAJ FOTO FRANCKY LABOSSIERE ANBA PAJ LA

Yon mapou tonbe

Apre 36,730 jou osinon

881,520 èd tan ap viv sou bout tè sa,

Altagrace Alexis Pierre-Jérôme: yon manman, yon grann, yon matant, yon kouzin, yon marenn, yon kòmè, yon zanmi ak yon fanmi. Yon fanm djanm ki te renmen moun e ki te renmen lavi. Nan moman sa a, pa gen anyen m kapab di pou dechouke lapenn k ap boulvèse kè nou, antan pitit li, piske se pa t pwojè sa a nou te genyen, pou manman nou fè vwal nan peyi san chapo, pou jan li te renmen lavi. Gen moun ki di, nou jwi li kont jwi nou, alaverite, kanta pou jwi a, nou jwi li ak anpil lanmou! Men, nou pa jwi li twòp! Nou ta renmen jwi li toujou, pou Gream ap karese zòrèy li, pou Fredni ap rele Atagras, pou Jean ap di Atagras ki jan w ye la a? Pou nyès ak neve li yo ap rele matant! Pou l reponn “cheri m nan”. Oswa pou m ap mete ti mòso fwomaj nan bouch li, epi pou l di “mèsi pitit mwen, mèsi, mèsi. Oswa tou, nan dènye moman an yo, pou Jean, Gream, oswa Fredni pote li tankou yon bebe, swa ale mete li chita sou tab, oswa devan TV, osinon sou kabann. Pou y ap fè twalèt li, menm jan li te konn fè pa nou, pou y ap chanje kouchèt, osinon fè li manje lè men an ap tranble twòp.

 

Lavi dezipe lanmò, lanmò dezipe lavi. Youn pa mache san lòt! Se senkant kòb ak degouden! De facto pasaj nou sou tè sa a pa vitam etènam! Men chak fwa sitiyasyon lanmò prezante devan nou, se tankou yon move van ki pase, menm jan ak move van ki te pase 2 jou anvan manman m mouri, mete nou nan blakawout epi dekonekte nou ak lemonn, andire se te anons li t ap travèse nan yon lòt monn. Se kòm kwa yon lavalas ki desann ki pa kite anyen sinon lapenn, latwoublay, dlo nan je, kesyonnman tribò-babò, pou ki?

 

Kesyon filozofik nou pa ka reponn piske sa chita sou ki kote nou kanpe pa rapò ak kwayans relijye nou osinon jan nou konprann lavi ak lanmò. Pou mwen, eseye konprann lanmò se fouye twòp zo nan kalalou. Sa ki klè pou mwen, lanmò pa konn madan gran mouche, li vini a nenpòt ki lè san frape pòt, san di Onè! Respè ! sanzatann, brip sou kou, li vin toufe yon rèv ki te twò bèl.

 

Se vre, yo di pa gen okenn kretyen vivan ki vin fè matyè sale sou bout tè sa a. Men jodi a, se anndan nou k ap rache, se kòmkwa nou gen yon doulè akouchman san zespwa, paske pitit la toufe nan pasaj! Kòd lonbrit la gentan marande ak tèt la, li toufe. Rèv nou t ap karese pou pitit sa a, chwe…. Tout bagay kaba… N ap mande pou ki? Ki sa nou te fè, ki sa nou pa t fè ? Ki sa nou te dwe fè ? Ki sa nou pral fè ? N ap poze kesyon, n ap chache repons, tèt nou ap travay.  Nou gade anwo, nou gade anba, n ap kalkile. Nad marinad ! se yon fèt akonpli, nou pa mèt tèt nou! Lavi pa bay san li pa pran!  E jan manman m konn di, “Dieu fait ce qu’il veut quand il le désire.” Nou pa gen kontwòl sou sa a…

 

Paske nou pa ka konprann kontradiksyon pa gen lavi san lanmò sa a, ni pou ki sa se tou pa manman m jodi a, souvni pasaj li sou tè sa a ava rete grave nan fon kè nou, e chak fwa nou panse ak li, yon ti souri ava flere vizaj nou pou fè nou sonje fanm total kapital sa a ki pase 100 an 7 mwa ap pataje lanmou, ap simaye lajwa, ap simaye kè kontan tout kote li pase. Paske kesyon n ap poze yo prèske san repons, nou blije apiye sou pasaj manman m sou tè sa a, sou sa li te konn fè, sou lanmou li san kondisyon pou nou, sou bon egzanp li te trase pou nou menm pitit, fanmi, zanmi, kominote Laskawobas, Bèladè, Boston, Sant Bèlvi, ak Forever Young. Pou li ka kontinye rete vivan nan kè nou, nan panse nou, nan zak n ap poze epi simaye lajwa, pataje lanmou, fè kè kontan, bay lakonesans jan manmanm m te konn fè sa pa bò isit menm jan ak an Ayiti.

 

Premye souvni mwen genyen de manman m, se lè m te pare pou lekòl, etan done li te gen salon kouti, youn nan medam yo, Fernande Grégroire, sou direksyon manman m, te koud yon rad vèt ak 1 papiyon nan chak pòch pou mwen. E manman m ak papa m te akonpaye m pou m ale konpoze kay chè sè yo nan matènèl. E, lè m t ap desann sètifika se 9 wòb nèf manman m te koud pou mwen, youn pou maten, youn pou apremidi pou senk jou yo. Se youn nan souvni ki rete grave nan memwa m.

Loune, se konsa manman m te konn rele m. Se te epòk Ayiti cheri tout bon vre, kote vwazinaj se te fanmi, kote chak maten anvan lanjelis sonnen, madan Willie Dardompre te pase pran manmam m pou al pran tit mès nan Legliz Notre Dame de Lourdes, an bon katolik san kè sote. Yon epòk nou pa t ap reflechi ak anyen ki pou te ba nou tèt chaje.

 

An bon edikatè, manman m te gen yon apwòch pedagojik, save yo rele aprantisaj entèraktif ak aprann apati eksperyans. Pa egzanp, pou kalkil mantal, ak adisyon, li te montre nou jwèt kat tankou twa sèt, kazino, bezig, viv damou, ti bourik, domino tradisyonèl ak domino ameriken. Pou atikilasyon, se te ‘7 plat pwa blan’, ‘un cavalier Maure dit à son cheval Maure si tu mords, ton mors tu seras mort’, ‘tes laitues, naissent-elles, oui mes laitues naissent.’ ‘Ton thé t’ota ta toux, oui mon thé m’ota ta toux’, elatriye. Lòt aktivite tankou “Je te jette mes gants. Comment? En chantant, en dansant…” Osinon aktivite pou devlope vokabilè “Je m’appelle Altagrâce, je reviens de l’Arcahaie et je vends des ananas”, “Je m’appelle Bob, je reviens de Belladère et je vends des bonbons”, jis nou rive nan Z oubyen sa ki genyen anvan an.

 

Pou istwa kont menm, se pa pale. Istwa ki pi memorab, se iswa ‘Lucibel et le Damné, Papa li Napoléon Alexis te ekri. Kanta pou devinèt menm, “Le jour de ma mort, on m’a abattu, on m’a arraché mes cheveux, on m’a ligoté les mains et les pieds, mon sang tourne en sueur, et cette sueur peut fait trembler l’univers. Qui suis je?”

 

Pi devan se te teyat, pwezi, liv, chansonettes. “La porteuse de pain, se te liv predileksyon manman m ke li te reli lè li te gen 95 lane gras ak Guerline Petit ki te vle satisfè manman m, tank li t ap pale de la Porteuse de Pain.

 

Manman m te gen anpil konfyans nan Bondye, se te menm jan ak Jezi, pitit Bondye. Se an parabòl li te konn pale. Pa egzanp, lè pou l di w pa fè yon bagay, li t ap di “si m te ou, men sa mwen t ap fè.” “Dieu prendra soin de moi.” “Lè w konprann w ap fè yon sentespri, ou fè twa swen sòt.”, “Qui frappe par le p minuscule, perira par le P majuscule.” “Yon plat manje twò piti pou yon sèl moun, men li twòp pou dis moun.” “De (2) se kont, 3 se peche, 4 se krim.” “Voilà qui est crime!”, elatriye. Anfen, yon seri ekspresyon ki ede nou konprann lavi pi byen.

 

Nen fen li, prevwayans li, konpasyon l ak lanmou l te toujou doubout nan lide l, nan pale l, nan dekòtike sijè ki konplèks. Tankou pa egzanp, nan lagè Iraq, pou l te montre li pa t dakò ak lagè a, li te di, “Si jandam te konnen, pa t ap janm gen lagè. ”  Se te yon fanm kouraj, ki pa t pè soufri, ni ki pa t plenyen lè l ap soufri. Okontrè, lè m ap plenyen ak doulè, se te toujou “si w te mwen pitit sa w ta di.”

 

Lavi se ranmasay yon pil ak yon bann eksperyans, chak grenn eksperyans nou te fè ak manman m yo ba nou plis fòs, rann nou pi djanm, fè nou pi solid, kore nou pi byen, menm si jounen jodi a, nan moman sa a kè nou ap rache. Alòs se dlo a ki koule men kannari a pa kraze.

 

Mapou a tonbe, se vre, men rasin nan ap toujou la nan chak nan grenn nan nou pitit li, fanmi, zanmi. Kidonk, nou ka di menm si lanmò dezipe lavi li pa dekoud lavi. Okontrè, zèv manman m yo se rasin ki antre byen fon nan bon tè fètil k ap boujonnen, fleri, donnen, e nouri tout lespri pou jouk sa kaba. Menm si manman m pa la fizikman, n ap toujou kenbe enèji l byen fon anndan nou. Mounite li rann nou fyè e tras lavi li ap rete tache nan kè nou pou jouk sa kaba. Jan w konn di m.

“Allez en paix manman avec Christ!”

 

Lunine Pierre-Jérôme

16 mas 2024

 

- Advertisment -

LES PLUS RECENTES