Saturday, April 27, 2024
HomeHAITIEducationEdikasyon : Premye Fowòm Paran Ayisyen nan Randolph

Edikasyon : Premye Fowòm Paran Ayisyen nan Randolph

Randolph, MA – Julio Midy – Dimanch 21 janvye 2024 la, depi 4è nan apremidi, malgre li fè frèt anpil, apeprè yon sekantèn paran te reponn prezan sou envitasyon depatman miltileng Distri Lekòl Randolph nan Masachousèt pou vin patisipe nan Premye Fowòm Paran Ayisyen nan Randolph.

Pastè Vogli Binjou ak Horal Jeanty, de (2) paran lidè ki te pran fòmasyon sou lidèship paran gras ak jefò depatman miltileng nan lekòl Randolph, te mennen diskisyon yo ak paran yo sou nesesite pou yo mete yon òganizasyon paran solid pou defann dwa elèv Ayisyen k ap debake pa pakèt nan lekòl piblik nan vil Randolph nan Masachousèt.

Daprè pastè Binjour, ki deja manm komite paran yo, li satisfè anpil de rezilta premye reyinyon an, sitou apre kèk paran te demontre volonte yo pou yo pote kole nan Komite Paran Ayisyen nan Randolph, yon fason pou kapab fè distri a tande vwa yo sou kèk pwoblèm yo te soulve ke y ap fè fas ak yo nan Randolph. Paran yo te poze anpil kesyon e yo te fè sijesyon ki fason yo ka takle pwoblèm yo epi pote dizon yo devan Sipèentandan an ak Komite Lekòl yo.
Paran lidè yo pwomèt ap gen lòt rankont kote plis paran kapab patisipe, pou travay sou yonplan daksyon ki pou pèmèt yo vanse pou pi devan e asire yo reyisit pitit yo nan distri lekòl Randolph yo.
Julio Midy

- Advertisment -

LES PLUS RECENTES