Saturday, April 20, 2024
Home MASSACHUSETTS Boston VIL BOSTON AP FETE JOUNEN SITWAYÈNTE NAN DAT PREMYE AVRIL 2023

VIL BOSTON AP FETE JOUNEN SITWAYÈNTE NAN DAT PREMYE AVRIL 2023

Pou Piblikasyon Imedya:
Kontak: Biwo Majistra pou Avansman Imigran
(Mayor’s Office for Immigrant Advancement)

Resevwa èd jiridik gratis pou aplikasyon pou sitwayènte ou an

BOSTON – Majistra Michelle Wu, Biwo Majistra pou Avansman Imigran (Mayor’s Office for Immigrant Advancement, MOIA) ansanm ak Project Citizenship (Pwojè Sitwayènte) ap òganize Jounen Sitwayènte a nan dat Samdi, 1 avril 2023, nan Reggie Lewis Center nan Roxbury. Evènman anyèl la se yon opòtinite pou moun ki elijib pou natiralizasyon jwenn èd jiridik gratis pou ranpli aplikasyon sitwayènte yo. Tout moun sipoze rele dabò nan 617-694-5949 pou pran yon randevou.

“Etap pou w vin yon sitwayen ameriken se youn ki enpòtan pou anpil imigran, men pwosesis la kapab konplike, epi koute anpil kòb,’’ Majistra Michelle Wu deklare. “Jounen Sitwayènte a ede elime youn nan obstak sa yo. Mwen vle remèsye Biwo pou Avansman Imigran, Pwojè Sitwayènte (Project Citizenship) ak santèn benevòl ki pèmèt evènman an posib.”

Pwosedi pou vin sitwayen Ameriken an kapab koute milye dola nan frè jiridik. Men, nan Jounen Sitwayènte nan Boston an, ap gen santèn volontè kominotè, etidyan dwa, ak avoka ki travay gratis ki pral ede moun ranpli aplikasyon sitwayènte yo gratis. Aplikan yo ap genyen pou yo peye chaj aplikasyon USCIS la, men moun ki pa gen anpil revni gen dwa kalifye pou yon egzanpsyon. Ap gen entèprèt ki disponib pou moun ki bezwen sa a.

Monique Tú Nguyen ki se Direktris Jeneral Biwo Majistra pou Avansman Imigran an di “Lè yon moun vin yon sitwayen li kreye plis opòtinite pa sèlman pou moun nan, men pou kote nouvo sitwayen an ap viv, epi pou kote l ap travay la. Lè yo atenn etap sa a li pèmèt moun nan viv pi aktif, epi kontribiye plis nan vil sa a’’.

“Sitwayènte pèmèt moun patisipe nan demokrasi nou epi angaje sivikman,” Mitra Shavarini, Direktris Egzekitif Pwojè Sitwayènte a afime. “Lè nou founi èd jiridik gratis, nou asire ke sitwayènte pa disponib sèlman pou moun ki ka peye pou li.”

Vil Boston ap kolabore ak Pwojè Sitwayènte (Project Citizenship), yon òganizasyon non gouvènmantal, pou evènman sa a depi 2014. Se pi gwo atelye pou sitwayènte nan New England (Nouvèl Angletè), ki bay plis pase 2,600 moun sèvis jiska prezan.

Gen anviwon 30,000 rezidan nan Boston ki elijib pou jwenn sitwayènte ameriken. Aplikan yo sipoze gen omwen 18 an; yo sipoze gen rezidans (Green Card) pandan 5 an oswa 3 zan si yo marye ak yon sitwayen ameriken; yo ka li, ekri e pale Anglè nan yon nivo senp (gen kèk eksepsyon ki aplikab); epi yo pa t vwayaje twò lontan andeyò Etazini pandan 5 an ki sot pase yo. Pwojè Sitwayènte (Project Citizenship) pral di moun si yo kalifye ou pa lè yo rele nan 617-694-5949 pou pran yon randevou.

Pou plis enfòmasyon sou Jounen Sitwayènte nan Boston, kalifikasyon ak avantaje pou w vin yon sitwayen ameriken, vizite boston.gov/immigrants.

Konsènan Biwo Majistra a pou Avansman Imigran
Biwo Majistra pou Avansman Imigran (Mayor’s Office for Immigrant Advancement, MOIA) fè efò pou ranfòse kapasite imigran pou yo ka patisipe konplètman e nan yon fason ki ekitab nan lavi ekonomik, sivik, sosyal ak kiltirèl nan Boston. MOIA ankouraje rekonesans ak konsyans piblik o sijè kontribisyon imigran yo nan Vil la. Pou jwenn plis enfòmasyon, vizite boston.gov/immigrants.

Konsènan Project Citizenship (Pwojè Sitwayènte)
Project Citizenship (Pwojè Sitwayènte) se yon òganizasyon non gouvènmantal ki bay sèvis jiridik gratis ak de bòn kalite bay moun ki gen rezidans pou ede yo vin sitwayen ameriken. Project Citizenship ofri atelye gratis, triyaj pou elijibilite, èd pou ranpli aplikasyon, referans opre ekspè jiridik ak tout materyo ki nesesè pou aplike pou sitwayènte amerikèn an.

- Advertisment -

LES PLUS RECENTES

“Territoires perdus”: les heures de Carrefour semblent compter

Port-au-Prince - Par YPM - Plusieurs dizaines d'individus lourdement armés ont envahi ce lundi matin la commune de Carrefour, semant une panique généralisée. Certains...

Installation du CP: une commission de 9 membres instituée pour la passation de pouvoir

Port-au-Prince - Par YPM - Dans la perspective de l’installation de la Commission Présidentielle de Transition, une commission de coordination a été créée dans...

MAYOR WU ANNOUNCES BRIAN SWETT AS CITY OF BOSTON’S FIRST CHIEF CLIMATE OFFICER

He will lead the existing Environment, Energy and Open Space Cabinet as Chief Climate Officer   BOSTON - Wednesday, April 17, 2024 - Today, Mayor Michelle...

Un cadavre kidnappé à Port-au-Prince

Port-au-Prince - Par YPM - Ce cas pour le moins incongru a eu lieu ce mercredi 17 avril 2024, où un véhicule, servant de...

Publication de l’arrêté nommant les membres du Conseil Présidentiel de Transition. Port-au-Prince – Par YPM – Après des jours de tergiversations, le Gouvernement démissionnaire...

Port-au-Prince - Par YPM - Après des jours de tergiversations, le Gouvernement démissionnaire dirigé par Ariel Henry a finalement publié ce mardi soir, l'arrêté...

Football:Championnat de Futsal de la Concacaf Haïti n’ira pas en Ouzbékistan

Port-au-Prince - Par Gérald Bordes - L'équipe nationale haïtienne entraînée par le sélectionneur américain d'origine grecque Constantine Konstin a mordu la poussière sur le...

Bavure administrative au sein du Gouvernement démissionnaire. L’arrêté nommant les membres du CP en circulation

Port-au-Prince - Par YPM - La mise en circulation ce lundi 15 avril 2024, d'un décret portant nomimation des membres du Conseil Présidentiel a...

Football : Championnat National Spécial 2024: L’ASC remporte le derby capois alors que le derby saint-marquois ne produit pas de vainqueur

Port-au-Prince - Par Gérald Bordes - Seuls deux derbys ont été disputés sur les trois prévus. Le derby cayen entre la Juventus des Cayes...