Sunday, May 19, 2024
HomeMASSACHUSETTSBostonProject Bread ap lanse konsèy moun ak eksperyans pèsonèl

Project Bread ap lanse konsèy moun ak eksperyans pèsonèl

Òganizasyon lidè nan Massachusetts pou goumen kont grangou ap chèche manm nan kominote a pou jwe yon wòl kle nan lit pou jwenn solisyon alontèm kont grangou

EAST BOSTON, Mass. – Moun k ap goumen ki pa gen ase manje souvan pa enkli nan pwosesis pou devlope solisyon pou mete fen nan grangou. Project Bread, ki se pi gwo òganizasyon Eta a pou lite kont grangou, lanse yon nouvo Konsèy moun ak eksperyans pèsonèl (Council of People with Lived Experience) ki dedye pou chanje sa. Konsèy la pral angaje 8 a 10 moun ki konfwonte ak ensekirite alimantè pou fè konvèsasyon epi prezante eksperyans yo pou oryante resous ak politik yo ki enpakte yo dirèkteman. Kounye a, òganizasyon ki pa pou fè pwofi la bezwen èd piblik la.

Project Bread ap chèche moun pou ofri ekspètiz yo epi ko-kreye pwogram ak politik ki pral fè li pi fasil pou lòt moun ki abite Massachusetts jwenn aksè epi kapab peye pou manje ak diyite. Manm Konsèy la opòtinite pou patisipe nan devlopman estrateji, planifikasyon ak priz desizyon ki pral ranfòse konpetans ou yo antanke lidè, devlope ekspètiz ou antanke lidè ak defansè kominotè, epi bay anpil valè lè w ap ko-kreye solisyon efikas epi ki gen enpak sou ensekiritè alimantè.

 

Nou bezwen moun ki pale anglè, panyòl, pòtigè, chinwa, vyetnamyen ak kreyòl ayisyen. Ekspè yo pral patisipe nan Konsèy la pandan 10 mwa, soti nan oktòb 2023 rive jiyè 2024, epi yo pral bay 10èdtan aktivite chak mwa: 3 èdtan ap patisipe nan reyinyon fas-a-fas pou diskite pwoblèm aktyèl yo ak ekspè sou teren an, epi devlope konpetans angajman sivik ak kominotè yo epi sèt (7) èdtan pandan y ap kolabore nan pwojè esansyèl Project Bread yo, patisipe nan evènman kominotè ak fowòm ak divès ekip andedan òganizasyon an.

 

Manm yo pral resevwa yon konpansasyon pou tan ak angajman yo. Moun ki aplike epi ki aksepte nan Konsèy ekspè ak eksperyans pèsonèl a ta dwe aji antanke anbasadè kont grangou nan kominote yo, epi pou yo pare pou envesti tout enèji yo epi etabli koneksyon nan kad pwogram la.

 

Kondisyon pou kapab kalifye:

  • Ou gen 17tan oswa pi gran.
  • Ou abite Massachusetts.
  • Ou te gen eksperyans deja oswa kounye a oswa ou nan sitiyasyon ensekirite alimantè.
  • Ou pare pou itilize ekspètiz eksperyans ak pèsonèl pou oryante solisyon pou anpeche grangou epi fè li pi fasil pou lòt moun ki abite Massachusetts jwenn aksè epi kapab peye pou manje ak diyite.
  • Ou vle devlope konpetans pou vin yon defansè ak yon lidè kominotè efikas nan travay pou mete fen nan grangou.

 

Y ap aksepte aplikasyon yo jiska 29 dawout 2023. Pou jwenn plis enfòmasyon epi pou aplike pou vin manm Konsèy ekspè ak eksperyans pèsonèlman Project Bread la, al gade nan: https://www.projectbread.org/council-of-experts.

 

Konsènan Project Bread

Project Bread, òganizasyon lidè ki pa pou fè pwofi nan tout Eta a, konekte moun ak kominote nan Massachusetts ak resous manje ki fyab pandan l ap plede pou politik ki fè manje vin pi aksesib—pou pèsòn pa rete grangou. Pou jwenn plis enfòmasyon, al gade nan: www.projectbread.org.

 

- Advertisment -

LES PLUS RECENTES