Friday, September 22, 2023
Home MASSACHUSETTS Boston DEPATMAN TRANSPÒ MASSACHUSETTS : ANONS POU YON ODISYON PIBLIK DIRÈK ANLIY (WEBINAR)

DEPATMAN TRANSPÒ MASSACHUSETTS : ANONS POU YON ODISYON PIBLIK DIRÈK ANLIY (WEBINAR)

KOMONNWÈLT MASSACHUSETTS
DEPATMAN TRANSPÒ MASSACHUSETTS –
DIVIZYON GRANWOUT (HIGHWAY DIVISION)
ANONS POU YON ODISYON PIBLIK DIRÈK ANLIY (WEBINAR)

Nimewo Dosye Pwojè a : 606528

Pral gen yon Odisyon Piblik Vityèl An Dirèk k ap fèt, pou prezante modèl yo pwopoze pou pwojè PREZÈVASYON PON SOMMERVILLE I-93 NB (nan direksyon Nò) AK SB (nan Direksyon Sid) DEPI WOUT 28 POU RIVE NAN TEMPLE STREET.

KILÈ :                 Madi 8 jen 2021, ant 6:00 PM ak 8:00 PM

KI KOTE :      https://us02web.zoom.us/j/88252274107?pwd=eEd4UkF1R3VJUkpUV0oxSVBmbnlSUT09

Mopas : 812334          Nimewo Webinar :    882 5227 4107                Nimewo Telefòn Fakiltatif : 646-876-9923

REZON :           Rezon pou odisyon dirèk anliy sa a (webinar), se pou bay piblik la yon chans pou konprann tout sa yo pwopoze pou pwojè PREZÈVASYON PON SOMMERVILLE I-93 NB (nan direksyon Nò) ak SB (nan direksyon Sid) DEPI WOUT 28 POU RIVE NAN TEMPLE STREET. Tout kòmantè ak opinyon moun fè konnen nan odisyon dirèk anliy sa a pral ànalize ak pran an konsiderasyon nan mezi maksimòm ki posib.

PWOPOZISYON :      Objektif pwojè sa a, se pou rive nan bon fonksyonnman ak sekirite estriktirèl Pon I-93 la. Travay yo pwopoze fè nan pwojè a, se netwaye, repare, ak pentire plizyè pati nan sipèstrikti estriktirèl ann asye a ; repare kote ki deteryore nan estrikti an siman an ; retire depo sèl ki anba pon an, pou pèmèt repare sipèstrikti nan zòn sa a ; ranplase jwen nan tabliye pon an ki pa bon ankò ; epi pran dispozisyon pou trafik ki nesesè, tankou bifikasyon tanporè ak fèmen bann trafik.

Yon dwa pasaj sekirite pa nesesè pou pwojè sa a.

Pou mande enfòmasyon sou pwojè a, deklarasyon ekri, oswa lòt dokiman sou aksyon yo pwopoze yo, ekri nan adrès : Patricia A. Leavenworth, P.E., Chief Engineer, oubyen voye yon mesaj elektwonnik nan adrès dot.feedback.highway@state.ma.us oubyen nan adrès postal nan Etazini a, ki se : Suite 6340, 10 Park Plaza, Boston, MA 02116, Attention: Major Projects, Project File No. 606528. Si gen deklarasyon oswa lòt dokiman ou vle fè parèt nan transkripsyon odisyon piblik la, voye yo nan kourye elektwonnik oswa nan lapòs, pa pi ta pase dis (10) jou ouvrab apre dat odisyon an afiche nan pòtay entènèt MassDOT pi ba la a.

Gen aranjman pou pèmèt moun ki andikape patisipe nan odisyon sa a. MassDOT kapab fè aranjman rezonnab gratis pou moun ki mande, oswa li kapab bay asistans nan lang (tankou entèprèt pou pale angle ak siy, ak pou lòt lang, soutit vizib, videyo, aparèy pou moun ki pa tande byen, oswa dokiman nan fòma altènativ) toutotan sa posib. Pou fè aranjman oubyen pou mande asistans nan lang, ou mèt kontakte Responsab an chèf MassDOT pou Divèsite ak Dwa Sivik la nan nimewo telefòn (857-368-8580), oswa nan nimewo TTD/TTY (pou moun ki pa tande byen) ki se (857) 266-0603, oswa nan nimewo faks (857) 368-0602, oswa nan adrès elektwonnik (MassDOT.CivilRights@dot.state.ma.us). Demann sa yo dwe fèt pi bonè ou kapab anvan jou reyinyon an. Pou sèvis ki pi difisil pou jwenn yo, tankou lang ki pale ak siy, oswa CART, oswa tradiktè ak entèprèt, demann yo dwe fèt omwen dis (10) jou ouvrab davans, anvan jou odisyon an.

Odisyon Piblik nan Modèl Vityèl sa a, oubyen ànons ànilasyon li, pral afiche sou entènèt nan adrès

www.mass.gov/massdot-highway-design-public-hearings.

JONATHAN GULLIVER                                         PATRICIA A. LEAVENWORTH, P.E.ADMINISTRATÈ POU GRANWOUT                ENJENNYÈ AN CHÈF

- Advertisment -

LES PLUS RECENTES

Le Président américain Joe Biden plaide pour l’envoi d’une mission internationale d’appui à la PNH

Abinader applaudit. Ariel Henry veut miser sur tous les terrains Port-au-Prince - Par YPM - .A la Tribune des Nations-Unies, le président américain Joe Biden...

Terreur à Fort-Jacques : le gang « Kraze Baryè » y fait de nouvelles victimes

Port-au-Prince - Par YPm - Les membres du « Gang Kraze » Baryè ont fait de nouvelles victimes durant ces dernières 24 heures à...

Crise Haïtiano-Dominicaine l’expert indépendant des droits humains en Haïti, William O’Neill se dit alarmé par la décision du président Abinader de fermer la frontière...

Port-au-Prince - Par YPM - L'expert indépendant des droits humains en Haïti, William O'Neill s’est dit extrêmement alarmé par la décision du gouvernement de...

Éliminatoires/Gold Cup Féminine 2024: Malgré les tensions entre les deux pays sur l’île, les Grenadières arrivent en République dominicaine

Port-au-Prince - Par Gérald Bordes - Le torchon brûle entre la République dominicaine et Haïti à cause de la construction d'un canal que la...

Grève dans l’automobile aux Etats-Unis : « Le balancier du rapport de force revient du côté des salariés »

Washington - (Source : JOURNAL LE MONDE)-  Le syndicat UAW réclame des hausses de salaire. Les emplois manquent, les bénéfices des entreprises sont plantureux....

Governor Maura Healey Lifts States of Emergency

BOSTON – Governor Maura Healey has lifted the states of emergencies she declared on September 12 and 15 related to severe weather and flooding....

Governor Healey Issues Emergency Declaration, Activates National Guard Ahead of Hurricane Lee

National Weather Service officials do not expect the hurricane to make landfall in Massachusetts; Tropical Storm Warning in effect along the state’s coast BOSTON – In advance of...

Le fils de Joe Biden inculpé au niveau fédéral pour détention illégale d’arme à feu

Washington - Sources cobinées - Le fils du président américain Joe Biden, Hunter, cible privilégiée de la droite et tourment politique de son père,...