Friday, May 3, 2024
HomeMASSACHUSETTSBostonAdministrasyon Healey-Driscoll ap Anonse Agrandisman Sèvis ak Abri pou Fanmi ki Sanzabri...

Administrasyon Healey-Driscoll ap Anonse Agrandisman Sèvis ak Abri pou Fanmi ki Sanzabri  

Yon Sant Akèy Fanmi nan Allston pral sèvi pwen antre pou konekte fanmi ak premye nesesite, sèvis ak abri nan Joint Base Cape Cod.

BOSTON – Administrasyon Healey-Driscoll te anonse jodi a yon agrandisman sèvis ak sit abri pou fanmi sanzabri. Vandredi 23 jen, administrasyon an ap ouvri yon “Sant Akèy Fanmi” nan Allston ki pral sèvi pwen antre pou fanmi, espesyalman fanmi imigran, k ap goumen pou jwenn aksè ak premye nesesite, konekte yo ak pwovizyon esansyèl, sèvis ak transpò nan yon kote ki san danje pou yo rete.

Anplis, administrasyon an pral itilize Joint Base Cape Coc (JBCC) antanke sit abri tanporè pou fè fas ak bezwen k ap ogmante yo alòske eta a ap kontinye chache opsyon anplis. Apati 23 jen, JBCC pral kapab resevwa 16 fanmi pou yo rete nan mezon iben nan baz la epi sa kapab agrandi pou sipòte 60 fanmi. Yo pral bay fanmi yo transpò pou soti nan Sant Akèy Fanmi an pou yo ale JBCC. Administrasyon an ap travay pou ouvri Sant Akèy Fanmi anplis nan lòt zòt atravè eta a nan yon avni pwòch.

“Nan Massachusetts, nou pran angajman pou asire nou ke fanmi yo jwenn aksè ak abri ki sekirize ak san danje. Pandan ane pase a, nou te wè yon ogmantasyon demann pou abri akoz ogmantasyon pri lojman, plis fanmi ki rive nan peyi nou ak nan eta nou ki soti nan lòt peyi, ak reta nan otorizasyon travay federal yo. Administrasyon nou an te kontinye travay di pou reponn ak bezwen san presedan sa a epi ap itilize tout resous li genyen pou ede fanmi yo,”Gouvènè Healey. “Se poutèt sa n ap etabli yon Sant Akèy Fanmi pou sèvi pwen antre pou konekte fanmi yo, espesyalman, fanmi ki fèk rive yo, ak sipò yo bezwen,  epi tou sèvi ak Joint Base Cape Cod antanke opsyon abri ijans tanporè. Nou pral kontinye travay nan administrasyon nou an ansanm avèk patnè lokal ak federal pou jwenn solisyon sou lontèm pou kriz la.”

“Sant Akèy Fanmi an pral ofri yon lokal santralize ki genyen anplwaye devwe pou konekte fanmi yo ak resous ak sipò nan fason ki pi efikas,” Lyetnan Gouvènè Driscoll. “Anplis de sa, mezon iben ki nan Joint Base Cape Cod la ofri yon espas konfòtab ak prive pou fanmi yo kapab retwouve yo nan yon kominote, pwofite espas ekstèn, ak jwenn aksè ak founisè sèvis, resous ak amenajman pou reponn ak bezwen imedya yo. Sa a se yon solisyon tanporè, men nou rekonesan ak Gad Nasyonal Massachusetts ak founisè sèvis k ap travay di pou asire ke nou ofri fanmi yo yon espas san danje pou yo rete.”

Sant Akèy Fanmi an twouve li nan Sant Travayè Brezilyen an nan 14 Harvard Ave, Allston epi nou pral sèvi prensipal mekanis referans pou fanmi yo vwayaje nan JBCC. Pral genyen anplwaye devwe nan Sant Akèy Fanmi an ki genyen responsablite pou evalye fanmi yo ak detèmine kalifikasyon yo pou lojman nan JBCC epi fè kowòdinasyon pou transpò nan JBCC.

 

Sant Akèy la pral opere soti 4è pm rive 8è pm lendi-vandredi, epi midi rive 7è pm jou samdi ak dimanch, pou fasilite koneksyon efikas fanmi yo ak abri tanporè oswa pou yon dire ki pi long selon jan sa apwopriye. Anplis admisyon sèvis abri pou JBCC, Sant Akèy Fanmi an pral ofri premye nesesite tankou manje, fòmil pou bebe, ak kouchèt. Nan semèn k ap vini yo, òf Sant Akèy Fanmi an pral ogmante pou genyen ladann koneksyon ak sèvis sante, ak asistans pou enskripsyon nan pwogram Depatman Asistans Tranzisyonèl, MassHealth, WIC, ak lòt sipò.

Nan kad efò kolaborasyon k ap kontinye pou mobilize abri ijans nan Joint Base Cape Cod, Ajans Jesyon Ijans Massachusetts (Massachusetts, Emergency Management Agency, MEMA) ap kowòdone ak Gad Nasyonal Massachusetts pou akomode prèske 60 inite lojman. Inite yo genyen estil mezon iben, yo meble epi genyen espas vèt komen pou divètisman.

Anplis, MEMA ap fè kontra ak yon founisè pou sipòte operasyon abri a ak ofri sèvis ki genyen ladann pwogram rekritman abri a, sèvis konsyèj, sèvis dra, lesiv ak sèvis medikal. MEMA pral kowòdoneyon navèt regilye pou ofri transpò ale retou nan baz la pou pase chache ak depoze fanmi yo pou asire ke yo jwenn aksè ak resous kominotè lokal.

Gras ak ouvèti abri fanmi tanporè a, Gouvènè Healey pral aktivte jiska 50 pèsonèl Gad Nasyonal Massachusetts pou sipòte reyisit operasyon imanitè nan JBCC. Endividi sa yo pral disponib pou asiste otorite eta ak lokal yo, sipòte operasyon baz la ak asire sekirite konplèks baz la.

“Modèl Sant Akèy Fanmi an se yon pwen antre ki pi senplimfye pou fanmi ki rive nan Commonwealth pou jwenn aksè ak abri, manje, ak lòt premye nesesite,” Kate Walsh, Sekretè Sèvis Sante ak Moun. “Nan mwa k ap vini yo, Sant Akèy Fanmi yo pral ofri yon gwo latriye resous k ap genyen ladann koneksyon ak sèvis legal ak òganizasyon kominotè. Avèk ogmantasyon lè ak plizyè lokal atravè eta a ki dwe ouvri nan semèn k ap vini yo, Sant Akèy Fanmi yo pral ede retire presyon sou lopital nou yo, ajans re-enstalasyon, ak lòt òganizasyon ki te sèvi pwen antre enfòmèl nan sistèm nan.”

“JBCC se yon abri ijans ke MEMA kreye, epi enfrastrikti li yo ofri yon akomodasyon tanporè ki byen ekipe pou reponn ak bezwen pwoteksyon, sekirite, ak konfidansyalite fanmi yo,” Terrence Reidy, Sekretè Pwoteksyon ak Sekirite Piblik. “Mwen felisite patnè eta ak lokal nou yo pou kowòdinasyon, dinamis, ak angajman san fatig yo pou sèvi sila yo ki nan gwo nesesite. Ogmantasyon demann pou sipò imanitè te rankontre ak yon lespri kolaboratif, yon envantivite reflechi meyè valè Commonwealth nou an.”

“Li klè ke kriz lojman nou an ap pouse fanmi ki pi vilnerab yo nan sitiyasyon lojman difisil epi ap ogmante demann pou abri. Nou angaje nan yon efò transvèsal nan kabinè a pou rekonèt ak abòde rezidan ki fèk vini ak rezidon lontèm ki pa kapab jwenn lojman ki abòdab ak san danje,” Ed Augustus, Sekretè Lojman ak Kominote Vivab. “Nouvo Sant Akèy Fanmi an ak abri anplis nan Joint Base Cape Cod la pral ede nou soulaje presyon sou sistèm abri ijans fanmi nou an gras ak yon repons entè-ajans pou reponn ak bezwen rezidan yo ansanm ak fanmi yo.”

Administrasyon Healey-Driscoll la fèk aplike yon Estrikti Kòmandman Ensidan pou dirije yon apwòch kowòdone pou reponn ak bezwen fanmi k ap chache abri – ki genyen ladann Biwo Gouvènè a, Administrasyon ak Finans, Sèvis Sante ak Moun, Lojman ak Kominote Vivab, Pwoteksyon ak Sekirite Piblik, Devlopman Travay ak Mendèv, ak Edikasyon. Gouvènè Healey fèk nome yon nouvo ekip lidèchip nan Biwo pou Refijye ak Imigran pou dirije efò pou asire ke refijye ak imigran nan Massachusetts jwenn sèvis ak sipò konpreyansif, ki fèt ak konpasyon, epi ki apwopriye parapò ak kilti yo.

An mas, Gouvènè Healey te pwomilge yon bidjè siplemantè ki te dedye $85 milyon ak pwogram Asistans Ijans pou reponn ak demann yon gwo kantite fanmi, imigran ak refijye ki sanzabri. Pwopozisyon Gouvènè a pou Ane Fiskal 2024 la rekòmande yon bidjè $324 milyon pou pwogram EA a, ki repreznate 48% ogmantasyon parapò ak bidjè Ane Fiskal 2023 a. Li te rekòmande tou plis pase $2 milyon pou Biwo Refijye ak Imigran, sa ki reprezante anviwon $280,000 oswa 16 pousan ogmantasyon parapò ak Ane Fiskal 2023 a. Administrasyon an fèk bay tou $1.75 milyon pou kreye Sèvis Asistans Imigran (Immigrant Assistance Services, IAS), yon nouvo pwogram jesyon ka ki la pou asiste imigran ki fèk rive nan Massachusetts yon fason pou yo jwenn aksè ak sèvis k ap reponn ak bezwen imedya yo epi ede yo jwenn estabilite.

Nan moman sa a se resous patnè eta nou yo ak òganizasyon k ap bay asistans nan operasyon abri tanporè sa a k ap reponn ak tout bezwen imedya kliyan abri nou yo. Tanpri sonje ke yo p ap aksepte volontè ak don endezirab nan Joint Base Cape Cod. Administrasyon an ansanm ak patnè li yo pral travay pou asire ke yo reponn ak premye nesesite rezidan li yo epi ankouraje sila yo ki vle fè don atik akbay asistans pou  sipòte koz fyab ak òganizasyon k ap sèvi moun ki sanzabri nan Massachusetts. Nan semèn k ap vini yo, nou pral pataje enfòmasyon anplis pou kowòdone don volontè.

NÒT POU MEDYA: Medya pa genyen aksè nan baz la pou moman sa a. Foto akomodasyon JBCC disponib la a. Tanpri bay MEMA kredi pou foto yo.

 

- Advertisment -

LES PLUS RECENTES